Èd pou Etid
Jan, pitit gason Zebede


Jan, pitit gason Zebede

Youn nan Douz Apot nan Nouvo Testaman yo, yon pitit gason Zebede, epi yon frè Jak. Nan jenès li, li te yon pechè pwason (Mak 1:17–20). Pwobableman li se disip Janbatis la ki mansyone nan Jan 1:40 lan. Pi ta li te resevwa apèl pou l vin tounen yon disip Jezikri (Mat. 4:21–22; Lik 5:1–11). Li te ekri Levanjil Jan an, twa epit yo ak liv Apokalips la. Li te youn nan twa yo ki te ansanm avèk Senyè a lè pitit fi Jayiris la t ap leve a (Mak 5:35–42), sou Mòn Transfigirasyon (Mat. 17:1–9), epi nan Jetsemane (Mat. 26:36–46). Nan pwòp ekriti pa l li refere tèt li kòm disip Jezi te renmen an (Jan 13:23; 21:20) epi kòm “lòt disip” la (Jan 20:2–8). Jezi te rele limenm avèk frè li a Boanegès, “pitit gason loray yo” (Mak 3:17). Gen anpil referans konsènan li nan istwa Krisifiksyon ak Rezirèksyon an (Lik 22:8; Jan 18:15; 19:26–27; 20:2–8; 21:1–2). Pi ta yo te ekspedye Jan nan Patmòs, se la li te ekri liv Apokalips la (Apok. 1:9).

Yo mansyone Jan souvan nan revelasyon dènye jou yo (1 Ne. 14:18–27; 3 Ne. 28:6; Etè 4:16; D&A 7; 27:12; 61:14; 77; 88:141). Pasaj sa yo konfime rejis biblik Jan yo epi yo fè nou wè grandè l ak enpòtans travay Senyè a te ba li pou l fè sou tè a nan epòk Nouvo Testaman an ak nan dènye jou yo. Ekriti dènye jou yo klarifye Jan pa t mouri, men Bondye te pèmèt li rete sou tè a pou l egzèse yon ministè jis nan tan Dezyèm Vini Senyè a (Jan 21:20–23; 3 Ne. 28:6–7; D&A 7).

Epit Jan yo

Byenke moun ki ekri twa epit sa yo pa mansyone non l, langaj la sanble tèlman avèk pa Apot Jan moun sipoze li ki te ekri tou lè twa.

1 Jan 1 egzòte Sen yo pou yo fratènize avèk Bondye. Chapit 2 a fè konnen Sen yo konnen Bondye avèk obeyisans epi li enstwi yo pou pa renmen mond lan. Chapit 3 a rele tout moun pou yo vin tounen pitit Bondye epi pou youn renmen lòt. Chapit 4 la esplike Bondye se lanmou epi li rete nan moun ki renmen L yo. Chapit 5 lan esplike Sen yo fèt nan Bondye akoz kwayans yo nan Kris.

2 Jan sanble avèk 1 Jan. Ladan l, Jan rejwi poutèt fidelite pitit “madanm yo chwazi a.”

3 Jan rekòmande yon moun ki rele Gayis pou fidelite l ak èd li bay moun ki renmen verite yo.

Levanjil Jan an

Nan liv sa a ki nan Nouvo Testaman an, Apot Jan temwaye ke (1) Jezi se Kris la oubyen Mesi a (2) Jezi se Pitit Gason Bondye a (Jan 20:31). Sèn li dekri nan lavi Jezi yo seleksyone avèk swen epi yo ranje pou objektif sa a. Liv la kòmanse avèk yon deklarasyon konsènan pozisyon Kris la nan egzistans premòtèl: Li te avèk Bondye, Li te Bondye, epi Li te kreyatè tout bagay. Li te fèt nan lachè kòm Sèl Pitit Gason Literal Papa a. Jan trase istwa ministè Jezi, Li mete anpil aksan sou divinite L ak rezirèksyon L pami mò yo. Li afime klèman ke Jezi se Pitit Gason Bondye, epi mirak yo, temwen yo, pwofèt ak vwa Kris la limenm te ateste afimasyon an. Jan opoze limyè ak tenèb, verite ak erè, byen ak mal, Bondye ak dyab la pou l anseye. Petèt, pa gen okenn lòt istwa ki deklare sentete Jezi ak enfidelite dirijan Juif yo pi klè.

Jan te ekri prensipalman konsènan ministè Kris la nan Jideya, sitou dènye semèn ministè mòtèl Li a, tandiske Matye, Mak, ak Lik te ekri prensipalman konsènan ministè L nan Galile. Revelasyon dènye-jou yo klarifye plizyè pwen nan Levanjil sa a (D&A 7 ak D&A 88:138–141).

Pou yon lis sou evènman nan lavi Sovè a yo dekri nan Levanjil Jan an, gade Amoni levanjil yo nan apendis la.

Liv Apokalips la