Èd pou Etid
Priyè


Priyè

Yon kominikasyon reveran avèk Bondye kote yon moun remèsye epi mande benediksyon. Nou adrese priyè nou bay Papa nou ki nan Syèl la nan non Jezikri. Priyè kapab fèt fò oubyen an silans. Panse yon moun kapab konsidere kòm priyè tou, si yo panche sou bondye. Chan moun jis yo kapab yon priyè devan Bondye (D&A 25:12).

Bi priyè a se pa pou l chanje volonte Bondye, men se pou l asire benediksyon Bondye te deja vle ba nou ak lòt moun, men nou dwe mande l pou nou kapab jwenn.

Nou priye Papa a nan non Kris la (Jan 14:13–14; 16:23–24). Nou reyèlman kapab priye nan non Kris la lè volonte nou se volonte Kris la (Jan 15:7; D&A 46:30). Konsa nou mande bagay ki jis epi ki posib pou Bondye ban nou (3 Ne. 18:20). Kèk priyè rete san repons paske yo pa reprezante volonte Kris la nan okenn fason, men okontrè yo montre kòman lòm egoyis (Jak 4:3; D&A 46:9). Reyèlman si nou mande Bondye pou bagay ki pa jis, l ap tounen pou kondanasyon nou (D&A 88:65).