Èd pou Etid
Prètriz Mèlkisedèk


Prètriz Mèlkisedèk

Prètriz Mèlkisedèk se pi prètriz ki pi wo a oubyen pi gwo prètriz la; Prètriz Aawon se prètriz ki pi ba a. Prètriz Mèlkisedèk gen kle benediksyon espirityèl legliz la. Pa lantremiz òdonans pi wo prètriz yo pouvwa divinite a vin nan men lèzòm (D&A 84:18–25; 107:18–21).

Bondye te revele Adan prètriz ki pi wo sa a. Patriyach yo ak pwofèt yo nan chak dispansasyon te gen otorite sa a (D&A 84:6–17). Anvan, li te rele Prètriz Sen an, daprè lòd Pitit Bondye a. Pita li te vin rele Prètriz Mèlkisedèk (D&A 107:2–4).

Lè pitit Izrayèl yo pa t respekte kontra ak alyans Prètriz Mèlkisedèk la, Senyè a te retire lwa ki pi wo a epi li te bay yo prètriz ki pi ba a ak lalwa ki pi ba a (D&A 84:23–26). Sa yo te rele Prètriz Aawon ak lalwa Moyiz. Lè Jezi te vin sou tè a, Li te retabli Prètriz Mèlkisedèk la pou juif yo epi li kòmanse bati legliz la nan mitan yo. Men prètriz ak legliz la te pèdi akoz apostazi a. Pita yo te vin retabli pa mwayen Joseph Smith, pitit la (D&A 27:12–13; 128:20; I—JS 1:73).

Nan Prètriz Mèlkisedèk la genyen ofis ansyen, gran prèt, patriyach, Swasanndis, ak Apot (D&A 107). Prètriz Mèlkisedèk la ap toujou yon pati nan wayòm Bondye sou tè a.

Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se prezidan gwo oubyen Prètriz Mèlkisedèk la, epi li kenbe tout kle ki fè pati wayòm Bondye sou tè a. Apèl prezidan an se yon sèl moun ki genyen l alafwa, epi li se sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle prètriz yo (D&A 107:64–67; 132:7)