Èd pou Etid
Mozya, pitit gason Benjamen


Mozya, pitit gason Benjamen

Yon wa Nefit ki te jis epi yon pwofèt nan Liv Mòmon an. Mozya te suiv egzanp jis papa l yo (Mozya 6:4–7). Li te tradui vennkat plak lò ki te gen rejis Jaredit yo (Mozya 28:17).

Liv Mozya a

Yon liv nan Liv Mòmon an. Chapit 1–6 gen diskou sevè Wa Benjamen te fè devan pèp li a. Lespri Senyè a te touche kè yo epi pèp la te konvèti epi yo pa anvi fè mal ankò. Chapit 7–8 pale konsènan yon gwoup Nefit ki t ale nan peyi Lamanit yo. Yo te voye yon gwoup envestigatè pou ale chèche yo. Amon, dirijan gwoup envestigatè a te jwenn yo epi li te aprann istwa kalamite yo anba opresyon Lamanit yo. Chapit 9–24 dekri opresyon sa a epi kòman dirijan yo—Zenif, Noye, ak Limi—te viv anba Lamanit yo. Mati yon pwofèt ki te rele Abinadi te anrejistre tou. Alma te konvèti nan jijman Abinadi a. Chapit 25–28 rakonte kòman pitit gason Alma yo ak kat pitit gason Wa Mozya yo te vin konvèti. Nan chapit 29 Wa Mozya te rekòmande pou sistèm jij yo ranplase wa yo. Alma pitit gason Alma a te eli kòm premye jij an chèf yo.