Èd pou Etid
Sèman ak alyans prètriz la


Sèman ak alyans prètriz la

Yon sèman se lè yon moun afime pou l kenbe pwomès li. Yon alyans se yon pwomès sakre ant de pati. Se sèlman nan alyans moun resevwa Prètriz Aawon an. Moun resevwa Prètriz Mèlkisedèk la nan sèman vèbal ak nan alyans tou. Si detantè prètriz yo fidèl epi yo mayifye apèl yo jan Bondye mande a, Li beni yo. Moun ki fidèl jiska lafen epi ki fè tout bagay Li mande yo, y ap resevwa tout sa Papa a genyen (D&A 84:33–39).