Èd pou Etid
Abdyas


Abdyas

Yon pwofèt Ansyen Testaman ki te predi destriksyon Edòm. Petèt li te pwofetize pandan gouvènman Joram nan (848–844 anvan Jezikri) oubyen pandan envazyon Babilonyen an 586 anvan Jezikri.

Liv Abdyas la

Yon liv nan Ansyen Testaman an. Li gen yon sèl chapit. Ladan l, Abdyas te ekri konsènan destriksyon Edòm epi li te pwofetize ke gen yon sovè ki pral kanpe sou Mòn Siyon an.