Nan kòmansman Epòk Milenyòm nan, Kris la pral retounen sou tè a. Evènman sa a pral make finisman pwobasyon motèl tè a. Mechan yo pral soti sou tè a epi yon nyaj pral leve jis yo anlè pandan tè a pral netwaye. Byenke pèsonn pa konnen egzakteman ki lè Kris la pral vini pou dezyèm fwa a, Li te ban nou siy pou nou suiv, ki endike tan an ap apwoche (Mat. 24 ; M—JS 1 ).
M konnen Redanmtè m nan pral kanpe sou tè a nan dènye jou a, Jòb 19:25 .
Devan m, tout jenou pral pliye, chak lang pral konfese, Eza. 45:23 (D&A 88:104 ).
Pitit Gason Lòm nan te vini avèk nyaj syèl yo, Dan. 7:13 (Mat. 26:64 ; Lik 21:25–28 ).
Yo pral leve tèt gade m, mwenmenm yo te pèse a, Zak. 12:10 .
Yon moun pral di konsa, Ki mak sa yo ki nan men yo, Zak. 13:6 (D&A 45:51 ).
Kiyès ki kapab sipòte jou aparisyon l lan? Paske li tankou yon dife pirifikatè, Mal. 3:2 (3 Ne. 24:2 ; D&A 128:24 ).
Pitit Gason Lòm Nan ap vini nan glwa Papa l, Mat. 16:27 (Mat. 25:31 ).
Jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen l, men se sèlman Papa m ki konnen l, Mat. 24:36 (D&A 49:7 ; M—JS 1:38–48 ).
Menm Jezi sa pral vini menm jan w te wè l monte nan syèl la, Tra. 1:11 .
Senyè a limenm pral desann soti nan syèl la, 1 Tes. 4:16 .
Jou Senyè a pral rive menm jan avèk yon vòlè nan nuit, 2 Pyè 3:10 .
Senyè a vini avèk dis mil nan Sen li yo, Jid 1:14 .
Li vini avèk nyaj; epi tout je pral wè l, Apok. 1:7 .
Prepare w, prepare w, paske Senyè a pre, D&A 1:12 .
M pral revele tèt mwen soti nan syèl la avèk pouvwa, epi m pral abite sou tè a pou mil ane, D&A 29:9–12 .
Leve vwa w epi kriye repantans, pou w prepare chemen Senyè a pou dezyèm vini l la, D&A 34:5–12 .
M se Jezikri, epi m pral vini nan tanp mwen an soudènman, D&A 36:8 (D&A 133:2 ).
Jou a ap vini byento pou w wè m, epi pou w konnen m egziste, D&A 38:8 .
Yon moun ki krenn mwen, l ap veye pou siy aparisyon Pitit Gason Lòm Nan, D&A 45:39 .
Figi Senyè a pral devwale, D&A 88:95 .
Gran jou tèrib Senyè a pre, D&A 110:16 .
Lè Sovè a parèt n ap wè l jan l ye a, D&A 130:1 .
Sovè a pral kanpe nan pami pèp li a epi li pral gouvène, D&A 133:25 .
Ki moun sa ki desann soti kote Bondye nan syèl la avèk rad li tache a, D&A 133:46 (Eza. 63:1 ).