Yon deklarasyon oubyen yon evidans ki fè konnen yon bagay se verite; yon temwayaj. Yon temwen kapab yon moun tou ki baze l sou konesans pèsonèl pou l fè deklarasyon an oubyen evidans la; sa vle di yon moun ki rann temwayaj.
Levanjil la pral preche nan tout mond lan kòm yon temwen pou tout nasyon yo, Mat. 24:14 (M—JS 1:31 ).
Ou pral yon temwen pou mwen, Tra. 1:8 .
Lespri a limenm rann lespri nou temwayaj, Wom. 8:16 (1 Jn. 5:6 ).
Ou dispoze sèvi temwen tout tan pou Bondye, Mozya 18:8–9 .
Nou manje sentsèn nan pou nou temwaye fè Papa konnen n ap respekte kòmandman yo epi n ap toujou sonje Jezi, 3 Ne. 18:10–11 (Mowo. 4–5 ; D&A 20:77–79 ).
Ou p ap resevwa temwayaj anvan lafwa w teste, Etè 12:6 .
Lwa temwen yo: nan bouch de oubyen twa temwen chak pawòl dwe tabli, D&A 6:28 (Det. 17:6 ; Mat. 18:16 ; 2 Kor. 13:1 ; Etè 5:4 ; D&A 128:3 ).
M te òdone w kòm Apot ak temwen espesyal pou non mwen, D&A 27:12 (D&A 107:23 ).
Swasanndis yo resevwa apèl kòm temwen espesyal devan Janti yo epi nan tout mond lan, D&A 107:25 .
Lonmen yon achivis, epi fè l sèvi kòm yon temwen okilè konsènan batèm ou yo, D&A 127:6 (D&A 128:2–4 ).