Èd pou Etid
Filipyen yo, Epit pou


Filipyen yo, Epit pou

Yon lèt Pòl te ekri voye bay Sen Filipi yo pandan li te nan prizon nan Wòm pou premye fwa a. Kounyeya, se liv Filipyen yo nan Nouvo Testaman an.

Chapit 1 gen salitasyon Pòl ak enstriksyon l sou inite, imilite, epi pèseverans. Chapit 2 fè konnen tout moun pral bese tèt devan Kris la epi chak moun dwe travay pou pwòp sali pa l. Nan chapit 3, Pòl esplike li te sakrifye tout bagay pou Kris la. Nan chapit 4, Pòl te remèsye Sen Filip yo pou asistans yo.