Èd pou Etid
Jakòb, pitit gason Leyi


Jakòb, pitit gason Leyi

Yon pwofèt nan Liv Mòmon an epi otè plizyè sèmon nan liv 2 Nefi a ak liv Jakòb la (2 Ne. 6–11; Jakòb 1–7).

Liv Jakòb la

Twazyèm liv nan Liv Mòmon an. Chapit 1 an di konsa Nefi te transfere rejis yo bay Jakòb epi apre sa li te konsakre Jakòb ak Jozèf, frè l la, kòm prèt ak enstriktè pou sèvi pèp la. Chapit 2–4 se sèmon ki egzòte pèp la pou yo pwòp moralman. Jakòb te pale tou de yon Mesi ki t ap vini, epi li te bay rezon ki fè kèk moun nan Izrayèl pa t ap aksepte L lè L vini an. Chapit 5–6 gen temwayaj Jakòb ak konparezon pwofetik de istwa ak misyon pèp Izrayèl la. Chapit 7 gen istwa yon rebèl enstwi ki te rele Cherèm, ki te akable anba temwayaj diven Jakòb la.