Èd pou Etid
Pye


Pye

Youn nan òganizasyon ak gwoup administratif nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Yon Pye fòme avèk yon kantite pawas oubyen branch. Jeneralman, li gen yon gwoupman fwontyè jeyografik ki mete l nan konfòmite avèk ide ki dekri nan Ezayi 54:2: “Lonje kòd ou yo, epi ranfòse pye ou yo.” Chak pye nan Siyon sipòte epi ede pou kenbe Legliz la menm jan yon tant oubyen yon tabènak gen poto ki kenbe yo. Yon pye se plas rasanbleman pou rès Izrayèl ki dispèse a (D&A 82:13–14; 101:17–21).