Èd pou Etid
Baal


Baal

Yon dye-solèy gason yo te adore espesyalman nan peyi Fenisi (1 Wa 16:31) men yo te adore l plizyè fason ak plizyè kote: Moabit yo te adore l sou non Baal-peyò (Nonb 25:1–3), nan Sichèm sou non Baal-berit (Jij 8:33; 9:4), nan Ekron sou non Baal-zebib (2 Wa 1:2). Baal kapab byen se menm avèk Bèl Babilòn la epi avèk Zeyis Grèk la. Mo Baal la montre relasyon ant yon mèt avèk esklav li. Senbòl abityèl pou Baal la se te yon yon toro bèf. Astate te dye fi moun te toujou adore avèk Baal la.

Kèk fwa, Baal te konbine avèk yon lòt non oubyen mo pou endike yon koneksyon avèk Baal, tankou yon kote yo te adore l oubyen yon moun ki te gen menm karaktè avèk li. Apre sa, paske Baal te vin gen trè move siyifikasyon, mo Bochèt la te ranplase l pou tout non konpoze sa yo ansanm. Bochèt vledi “wont.”