Èd pou Etid
Aje


Aje

Yon pwofèt Ansyen Testaman ki te pwofetize nan Jerizalèm apwoksimativman 520 anvan Jezikri, yon ti tan apre pèp Juif la te retounen soti nan egzil nan Babiloni (Esd. 5:1; 6:14). Li te pale konsènan rekonstriksyon tanp Senyè a nan Jerizalèm epi li te blame pèp la poutèt li pa t fini. Li te ekri konsènan tanp nan Milenyòm nan ak gouvènman Sovè a tou.

Liv Aje a

Nan chapit 1, Senyè a te blame pèp la poutèt yo t ap viv nan kay nèf yo tandiske tanp la te rete san bati. Chapit 2 anrejistre pwofesi Aje ki fè konnen Senyè a ap bay lapè nan tanp li a.