Èd pou Etid
Korentyen yo, Epit pou


Korentyen yo, Epit pou

De liv nan Nouvo Testaman an. Nan kòmansman sete lèt Pòl te ekri Sen Korent yo pou korije dezòd pami yo. Korentyen yo te viv nan yon sosyete ki te mechan moralman.

Premye Korentyen yo

Chapit 1 an gen salitasyon Pòl ak konsèy li pou Sen yo rete ini. Chapit 2–6 yo se koreksyon fot Sen Korent yo Pòl te fè. Chapit 7–12 gen repons Pòl te bay pou kèk kesyon. Chapit 13–15 konsène sou zafè charite, don espirityèl ak Rezirèksyon an. Chapit 16 gen konsèy Pòl te bay pou moun kanpe fèm nan lafwa.

Dezyèm Korentyen yo

Chapit 1 an gen salitasyon Pòl ak yon mesaj rekonfò. Chapit 2 a gen konsèy pèsonèl pou Tit. Chapit 3–7 okipe zafè pouvwa levanjil la nan lavi Sen yo ak dirijan Sen yo. Chapit 8–9 konseye Sen yo pou yo bay pòv yo ak kè kontan, Chapit 10–12 se konsepsyon pèsonèl Pòl kòm yon Apot. Chapit 13 se reprimand Pòl pou moun vin pafè.