Èd pou Etid
Lafwa


Lafwa

Konfyans nan yon bagay oubyen yon moun. Jan yo itilize l pi souvan nan ekriti yo, lafwa se konfyans ak kwayans nan Jezikri ki fè yon moun obeyi Li. Lafwa dwe santre sou Jezikri pou l kapab kondi yon moun nan sali. Sen Dènye jou yo gen lafwa tou nan Papa Bondye, Sentespri a, pouvwa prètriz la ak lòt aspè enpòtan nan levanjil retabli a.

Esperans bagay ki pa vizib, men ki vre, fè pati lafwa, (Ebre 11:1; Alma 32:21; Etè 12:6). Lafwa moun limen lè y ap tande sèvitè otorize Bondye voye pou preche yo levanjil la (Wom. 10:14–17). Mirak pa pwodui lafwa, men se obeyisans nan levanjil Jezikri la ki devlope lafwa solid. Sa vle di, se jistis ki pwodui lafwa (Alma 32:40–43; Etè 12:4, 6, 12; D&A 63:9–12).

Vrè lafwa mennen mirak, vizyon, rèv, gerizon, ak tout don Bondye bay Sen Li yo. Avèk lafwa yon moun resevwa padon pou peche li yo epi finalman li kapab rete nan prezans Bondye. Lè yon moun manke lafwa, mennen moun nan dezespwa, ki vini akoz inikite (Mowo. 10:22).