Èd pou Etid
Revelasyon


Revelasyon

Kominikasyon Bondye pou pitit Li yo sou tè a. Revelasyon kapab vini nan Limyè Kris la ak Sentespri a kòm enspirasyon, vizyon, rèv, oubyen vizit zanj. Revelasyon bay direksyon ki kapab kondi yon moun fidèl nan sali etènèl pou l ale nan wayòm selès la.

Senyè a revele travay Li bay pwofèt Li yo epi li konfime kwayan yo revelasyon pwofèt yo se verite (Amòs 3:7). Nan revelasyon, Senyè a bay direksyon pèsonèl pou chak moun ki chèche epi ki gen lafwa, ki repanti, epi ki obeyi levanjil Jezikri a. Joseph Smith te di konsa “Sentespri a se yon revelatè,” epi “pèsonn pa kapab resevwa Sentespri a san resevwa revelasyon.”

Nan Legliz Senyè a Premye Prezidans lan ak Kowòm Douz Apot yo se pwofèt, vwayan, epi revelatè pou Legliz la ak mond lan. Prezidan Legliz la se sèl moun Senyè a otorize pou resevwa revelasyon pou Legliz la (D&A 28:2–7). Chak moun kapab resevwa revelasyon pou benefis pa l.