Èd pou Etid
Krisifiksyon


Krisifiksyon

Yon kalite ekzekisyon Women, ki te popilè nan tan Nouvo Testaman an, yo te mare oubyen kloure men ak pye moun nan sou yon kwa pou yo touye l. Sete sèlman esklav ak kriminèl pi mal yo yo te konn fè sa. Anvan krisifiksyon an souvan rigwaz ak baton (Mak 15:15). An jeneral moun yo pral krisifye a te oblije pote kwa pa l la nan kote ekzekisyon an ta pral fèt la (Jan 19:16–17). An jeneral sòlda yo ki ekzekite santans lan te konn pran rad li yo (Mat. 27:35). Yo te konn anfonse kwa a nan tè a pou pye moun nan te ka rete a sèlman youn oubyen de pye anlè tè a. Sòlda te konn siveye kwa a jiskaske moun ki sou kwa a te mouri, sa ki te menm dire jiska twa jou pafwa (Jan 19:31–37).

Jezikri te krisifye paske yon gwoup enkredil te akize L fosman kòm rebèl kont Seza epi ak blasfèm poutèt Li te di Li se Pitit Gason Bondye a. Jezi te resevwa yon wòb vyolèt (Jan 19:2), yon kouwòn pikan, ak lòt jouman (Mat. 26:67; Mak 14:65).