Èd pou Etid
Chadrak


Chadrak

Nan Ansyen Testaman an, Chadrak, Mechak, ak Abèd-Nego se te twa jèn gason Izrayelit yo, ansanm avèk Danyèl ki te nan palè Nebikadneza a, wa Babilòn nan. Non Ebre Chadrak te Ananyas. Kat jèn gason yo te refize manje vyann ak diven wa a pou yo pa degrade tèt yo (Dan. 1). Wa a te jete Chadrak, Mechak, ak Abèd-Nego nan yon founo dife epi yo te sove mirakilezman (Dan. 3).