Èd pou Etid
Jij, Liv


Jij, Liv

Yon liv nan Ansyen Testaman an. Liv Jij pale de Izrayelit yo depi lanmò Jozye jis nan nesans Samyèl.

Chapit 1–3 se prefas tout liv Jij yo. Yo eksplike ke poutèt Izrayelit yo pa t chase ènmi yo (Jij 1:16–35), Izrayelit yo dwe soufri konsekans yo—pèdi lafwa, maryaj avèk enkredil, epi idolatri. Chapit 4–5 panche sou eksperyans Debora ak Barak, ki te delivre Izrayèl anba Kananeyit yo. Chapit 6–8 se eksperyans Jedeon ki ranfòse lafwa moun, Senyè a te beni l pou l te delivre Izrayèl anba Madyanit yo. Nan chapit 9–12, plizyè moun diferan te sèvi kòm jij nan Izrayèl pandan epòk kote pifò nan Izrayelit yo te nan apostazi epi sete etranje ki t ap dirije yo. Chapit 13–16 rakonte monte ak chit dènye jij la, Samson. Dènye chapit yo, 17–21, moun kapab dekri yo kòm yon endèks ki revele pwofondè peche Izrayèl.