Èd pou Etid
Ewòd


Ewòd

Yon fanmi gouvènè nan Jideya prèske nan epòk Jezikri a. Yo te jwe wòl enpòtan nan anpil evènman nan Nouvo Testaman an. Ewòd Le Gran, ki te pè nesans Sovè a (Mat. 2:3) epi li te bay lòd pou touye tibebe yo nan Bètleyèm. Pitit gason li, Aristobulus; Ewòd Filip (Mat. 14:3; Mak 6:17); Ewòd Antipas, gouvènè a (Mat. 14:1; Lik 9:7; nou rekonèt li kòm Wa Ewòd tou, Mak 6:14); Archelaus (Mat. 2:22); ak Filip, gouvènè Iturea (Lik 3:1). Ewòd Agripa Ⅰ (Tra. 12:1–23) ak sè li Ewodyas (Mat. 14:3; Mak 6:17) sete pitit Aristobulus. Ewòd Agripa Ⅰ te gen anpil pitit yo mansyone nan Nouvo Testaman an tou, ladan yo Ewòd Agripa Ⅱ (Tra. 25:13), Bernice (Tra. 25:13), ak Drusilla, madanm ni (Tra. 24:24).