Èd pou Etid
Lik


Lik

Otè Levanjil Lik la ak liv Travay nan Nouvo testaman an epi yon misyonè konpayon Pòl. Paran li yo te Grèk epi li te pratike medsin (Kol. 4:14). Lik te byen edike. Li te idantifye tèt li kòm yon konpayon Apot Pòl lè l t ale jwenn Pòl nan Twoas la (Tra. 16:10–11). Lik te avèk Pòl tou nan Filipi, nan dènye vwayaj Pòl te fè nan Jerizalèm nan (Tra. 20:6), epi yo de a te ansanm jistan yo te rive nan Wòm. Lik te avèk Pòl tou lè Women yo te anprizone l dezyèm fwa a (2 Tim. 4:11). Tradisyon fè konnen li te mouri matirize.

Levanjil Lik la

Yon rejis Lik te ekri konsènan Jezikri ak ministè mòtèl Li. Liv Travay Apot yo se kontinyasyon Levanjil Lik la. Lik te kite yon rejis byen ekri konsènan ministè Jezi, li te prezante Jezi kòm Sovè ni Juif yo ni Janti yo. Li te ekri anpil bagay konsènan ansèyman ak zèv Jezi. Se nan Lik nou jwenn sèl istwa vizit Gabriyèl te fè Zakari ak Mari a (Lik 1); vizit bèje yo te fè bebe Jezi a (Lik 2:8–18); Jezi nan tanp lan a laj 12 zan an (Lik 2:41–52); swasanndis yo te resevwa apèl epi yo t ale (Lik 10:1–24); Jezi te swe san (Lik 22:44); dyalòg Jezi avèk vòlè a sou kwa a (Lik 23:39–43); epi lè Jezi t ap manje pwason ak myèl la apre Rezirèksyon L lan (Lik 24:42–43).

Pou yon lis sou evènman nan lavi Sovè a yo dekri nan Levanjil Lik la, gade Amoni levanjil yo nan apendis la.