Èd pou Etid
Mak


Mak

Nan Nouvo Testaman an Jan Mak te pitit gason Mari, ki te abite nan Jerizalèm nan (Tra. 12:12); li kapab byen te kouzen (oubyen neve) Banabas (Kol. 4:10). Li te akonpaye Pòl ak Banabas soti nan Jerizalèm pou ale nan premye vwayaj misyonè yo a epi li te kite yo nan Pèj (Tra. 12:25; 13:5, 13). Pi ta li te akonpaye Banabas ale nan Chip (Tra. 15:37–39). Li te avèk Pòl nan Wòm (Kol. 4:10; Fil. 1:24), epi li te avèk Pyè nan Babilòn (pwobableman nan Wòm) (1 Pyè 5:13). Finalman, li te avèk Timote nan Efèz (2 Tim. 4:11).

Levanjil Mak la

Dezyèm liv nan Nouvo Testaman an. Levanjil Mak la te pwobableman ekri sou direksyon Pyè. Bi li se te pou l dekri Senyè a kòm Pitit Gason Bondye a ki viv epi ki aji pami lèzòm. Mak dekri avèk enèji epi avèk imilite, enpresyon Jezi te bay oditè li yo. Tradisyon fè konnen apre lanmò Pyè, Mak te vizite Ejip, li te òganize Legliz la nan Aleksandri, epi yo te matirize l jistan l te mouri.

Pou yon lis sou evènman nan lavi Sovè a yo dekri nan Levanjil Mak la, gade Amoni levanjil yo nan apendis la.