Èd pou Etid
Apot


Apot

Nan Grèk, Apot vle di “yon moun yo voye.” Sete tit Jezi te bay Douz òm yo Li te chwazi epi Li te òdone pou sèvi kòm disip ak èd ki pi pre L yo, pandan ministè Li sou tè a (Lik 6:13; Jan 15:16). Li te voye yo ale reprezante L epi pou yo travay pou Li lè L te fin Monte nan syèl. Ni nan ansyen ni nan nouvo Kowòm Douz Apot yo ki nan Legliz ki te retabli jodi a, yon Apot se yon temwen espesyal Jezikri nan tout mond lan pou temwaye konsènan divinite Li ak rezirèksyon Li pami mò yo (Tra. 1:22; D&A 107:23).

Seleksyon Apot yo

Senyè a chwazi Apot yo (Jan 6:70; 15:16).