Èd pou Etid
Riben


Riben

Nan ansyen Testaman an, pi gran pitit gason Jakòb ak Leya a (Jen. 29:32; 37:21–22, 29; 42:22, 37). Malgre Riben te premye ne a, li te pèdi dwadenès li poutèt peche (Jen. 35:22; 49:3–4).

Tribi Riben an

Jenèz 49:3 ak Detewonòm 33:6 gen benediksyon an Jakòb te bay Riben. Piti piti, kantite tribi a te diminye, e malgre tribi a te egziste, li pa t enpòtan nan gouvènman an. Jozèf ak pitit gason li yo te resevwa dwadenès Riben paske Jozèf te premye pitit gason dezyèm madanm Jakòb, Rachèl (1 Kwo. 5:1–2).