Èd pou Etid
Pwofèt


Pwofèt

Yon moun Bondye te aple epi ki pale pou Bondye. Kòm yon mesaje Bondye, yon pwofèt resevwa kòmandman, pwofesi ak revelasyon nan men Bondye. Responsablite l se pou l fè limanite konnen volonte ak vrè karaktè Bondye epi pou l montre yo siyifikasyon relasyon L avèk yo. Yon pwofèt denonse peche epi li predi konsekans yo. Li se yon predikatè jistis. Okazyonèlman, pwofèt yo kapab enspire pou yo predi lavni pou benefis limanite. Sepandan, responsablite prensipal li, se pou l rann temwayaj konsènan Kris la. Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se pwofèt Bondye ki sou tè a jodi a. Moun sipòte manm yo ki nan Premye Prezidans la ak Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè.