Èd pou Etid
Nouvo alyans etènèl


Nouvo alyans etènèl

Plenitid levanjil Jezikri a (D&A 66:2). Li nouvo chak epòk Bondye revele l apre yon peryòd apostazi. Li etènèl paske se alyans Bondye epi moun te jwi l nan chak dispansasyon levanjil kote moun te vle resevwa l. Jezikri te sèvi avèk Pwofèt Joseph Smith pou l revele lèzòm nouvo levanjil etènèl la ankò. Li gen òdonans sakre otorite prètriz la administre—tèlke batèm ak maryaj nan tanp—ki fèt pou sali, imòtalite ak lavi etènèl lòm. Lè moun aksepte levanjil la epi yo pwomèt pou respekte kòmandman Bondye yo, Bondye fè alyans pou l ba yo benediksyon nouvo alyans etènèl Li a.