Èd pou Etid
Alyans


Alyans

Yon kontra ant Bondye ak lèzòm, men yo aji kòm egal nan kontra. Bondye bay kondisyon pou alyans lan, epi lèzòm dakò pou fè yo sa Li mande yo fè a. Lè sa a Bondye pwomèt lèzòm yon seri benediksyon pou obeyisans yo.

Moun resevwa prensip ak òdonans yo nan alyans. Manm Legliz ki fè alyans sa yo, pwomèt pou yo onore yo. Paregzanp, manm yo fè alyans avèk Senyè a nan batèm nan epi yo pran Sentsèn nan pou yo kapab renouvle alyans sa a. Yo fè lòt alyans nan tanp. Pèp Senyè a se yon pèp alyans epi yo beni anpil lè yo respekte alyans yo avèk Senyè a.