Èd pou Etid
Filemon, Epit pou


Filemon, Epit pou

Yon liv nan Nouvo Testaman an, ki te soti nan yon lèt Pòl te ekri. Lèt Pòl te ekri voye bay Filemon an se yon lèt prive konsènan Onezim, yon esklav ki te vòlè zafè mèt li, Filemon, epi ki te kouri ale nan Wòm. Pòl te voye l tounen jwenn mèt li nan Kolòs, ansanm avèk Tichik, moun ki te pote lèt Pòl te voye bay Kolosyen yo. Pòl te mande pou Onezim resevwa padon epi pou yo te aksepte l kòm yon frè Kretyen. Pòl te ekri lèt sa a pandan li te nan prizon nan Wòm pou premyè fwa a.