Èd pou Etid
Ekspyasyon, ekspye


Ekspyasyon, ekspye

Rekonsilye lèzòm avèk Bondye.

Menm jan li anplwaye nan ekriti yo, ekspye se soufri pinisyon pou yon peche, konsa wete konsekans peche sou tèt pechè ki repanti epi pèmèt li rekonsilye avèk Bondye. Jezikri sete sèl moun ki te kapab fè yon ekspyasyon pafè pou tout mond lan. Li te kapab fè sa poutèt seleksyon L ak preòdinasyon Li nan Gran Konsèy la anvan mond lan te fòme (Etè 3:14; Moyiz 4:1–2; Abr. 3:27), Li se yon Pitit Gason diven, epi lavi Li san peche. Soufrans Li pou peche lèzòm, san L ki te koule a, lanmò L ak rezirèksyon L nan tonb la fè pati nan ekspyasyon li a (Eza. 53:3–12; Lik 22:44; Mozya 3:5–11; Alma 7:10–13; D&A 19:16–19). Poutèt Ekspyasyon an, tout moun ap leve nan pami mò yo avèk yon kò imòtèl (1 Kor. 15:22). Ekspyasyon an kreye yon mwayen pou nou kapab jwenn padon pou peche nou epi pou nou kapab retounen viv pou tout tan avèk Bondye. Men yon moun ki rive nan laj responsablite epi ki konnen lwa a li kapab resevwa benediksyon sa yo sèlman si li gen lafwa nan Jezikri, repanti nan peche l, resevwa òdonans sali yo, epi obeyi kòmandman Bondye yo. Moun ki pa rive nan laj responsablite ak moun ki pa konnen lwa a ap rachte poutèt Ekspyasyon an (Mozya 15:24–25; Mowo. 8:22). Ekriti yo ansenye klèman, si Kris la pa t ekspye peche nou, okenn lwa, okenn òdonans, oubyen okenn sakrifis pa t ap kapab satisfè egzijans lajistis yo, epi lèzòm pa t ap janm kapab retounen nan prezans Bondye (2 Ne. 2; 9).