Èd pou Etid
Jòb


Jòb

Nan Ansyen Testaman an, yon nonm jis ki te soufri anpil afliksyon terib, malgre sa li te rete fidèl avèk kwayans li nan Bondye. Istwa li ekri nan liv Jòb la.

Liv Jòb la

Malgre liv la ekri konsènan soufrans Jòb, li pa fin reponn nèt kesyon konsènan rezon ki fè Jòb (oubyen nenpòt lòt moun) te kapab soufri doulè epi pèdi fanmi l ak byen li yo. Liv la klarifye pou fè konnen afliksyon pa vle di nesesèman yon moun te peche. Senyè a kapab itilize afliksyon pou eksperyans, disiplin, ak enstriksyon, menm jan an tou pou pinisyon (D&A 122).

Liv la kapab divize fè kat pati. Chapit 1–2 se yon entwodiksyon istwa a. Chapit 3–31 rakonte yon seri diskisyon ant Jòb ak twa zanmi l yo. Chapit 32–37 genyen pawòl Eliyou yo, yon katriyèm zanmi, ki te kondane Jòb pou rezon ki pa menm avèk rezon twa premye zanmi yo. Chapit 38–42 fini liv la avèk yon asirans pou Jòb konnen aksyon lavi li te bon depi nan kòmansman.

Liv Jòb la anseye ke si yon moun gen yon konesans kòrèk konsènan Bondye epi si l viv yon lavi akseptab devan Bondye, l ap kapab sipòte pi byen eprèv ki vin devan l yo. Men kalite esklamasyon ki karakterize lafwa solid Jòb la, “Menm si li touye m, m ap fè l konfyans” (Jòb 13:15). Non Jòb mansyone tou nan Ezekyèl 14:14; Jak 5:11; Doktrin ak Alyans 121:10.