Èd pou Etid
Lanmò espirityèl


Lanmò espirityèl

Separasyon kote Bondye ak enfliyans Li; mouri konsènan bagay ki konsène jistis. Lisifè ak yon tyè nan zanj syèl yo te soufri lanmò espirityèl lè yo te chase yo soti nan syèl la (D&A 29:36–37).

Chit Adan an te entwodui lanmò espirityèl nan mond lan (Moyiz 6:48). Moun vivan ki gen move panse, pawòl ak aksyon, yo mouri espirityèlman pandan yo toujou vivan sou tè a (1 Tim. 5:6). Nan Ekspyasyon Jezikri a epi nan obeyisans prensip ak òdonans levanjil la, gason ak fi kapab vin pwòp anba peche epi kò yo simonte lanmò espirityèl.

Lamò espirityèl rive tou apre lanmò kò mòtèl la. Ni moun resisite yo ni dyab ak zanj li yo ap pase devan jijman. Moun ki te fè rebèl volontèman kont limyè a ak verite levanjil la ap soufri lanmò espirityèl. Souvan yo rele lanmò sa dezyèm lamò (Alma 12:16; Ela. 14:16–19; D&A 76:36–38).