Otorite ak pouvwa Bondye bay lòm pou yo aji nan tout bagay pou sali lòm (D&A 50:26–27 ). Manm gason nan Legliz la ki gen prètriz la, yo òganize nan plizyè kowòm epi yo resevwa otorizasyon pou yo fè òdonans ak kèk lòt fonksyon nan Legliz la.
M te òdone w, Jan 15:16 .
Ou te bati kòm yon kay espirityèl, yon prètriz sen, 1 Pyè 2:5 .
Ou se yon jenerasyon chwazi, yon prètriz wayal, 1 Pyè 2:9 (Egz. 19:6 ).
Lèzòm resevwa apèl kòm gran prèt poutèt gwo lafwa yo ak bon zèv yo, Alma 13:1–12 .
M ba w pouvwa pou w batize, 3 Ne. 11:21 .
W ap gen pouvwa pou w bay moun Sentespri a, Mowo. 2:2 .
M pral revele w prètriz la, anba men Eli, D&A 2:1 (I—JS 1:38 ).
Senyè a te konfime yon prètriz sou Aawon ak desandan l yo tou, D&A 84:18 .
Pi gran prètriz sa administre levanjil la, D&A 84:19 .
Li te wete Moyiz ak Prètriz Sen an nan pami yo, D&A 84:25 .
Sèman ak alyans prètriz la dekri, D&A 84:33–42 .
Prètriz la kontinye nan liyaj zansèt ou yo, D&A 86:8 .
Gen de prètriz nan Legliz la, D&A 107:1 .
Premye prètriz la se Prètriz Sen an, daprè Lòd Pitit Gason Bondye a, D&A 107:2–4 .
Dwa prètriz la byen konekte avèk pouvwa syèl la, D&A 121:36 .
Okenn pouvwa oubyen enfliyans pa kapab nipa ta dwe egzèse pa mwayen prètriz la eksepte pou pèsyade epi avèk amou enfayib, D&A 121:41 .
Tout gason diy nan Legliz la ki fidèl, kapab resevwa prètriz la, DO 2 .