Èd pou Etid
Ebre, Epit pou


Ebre, Epit pou

Yon liv nan Nouvo Testaman an. Pòl te ekri manm Juif yo nan Legliz la lèt sa a, pou fè yo konnen kèk aspè enpòtan nan lwa Moyiz la te akonpli nan Kris epi yon pi gran lwa levanjil Kris la te ranplase l. Lè Pòl te retounen Jerizalèm nan finisman twazyèm misyon l la (anviwon 60 apre Jezikri), li te jwenn anpil manm Juif nan Legliz la t ap kontinye respekte lwa Moyiz la (Tra. 21:20). Se te omwen dis ane apre konferans Legliz la nan Jerizalèm te fè konnen kèk nan òdonans lwa Moyiz la pa t nesesè pou sali Kretyen janti yo. Aparamman, yon ti tan apre, Pòl te ekri moun Ebre yo pou l te montre yo, avèk pwòp ekriti pa yo epi avèk rèzonman lojik, poukisa yo pa dwe pratike lwa Moyiz la ankò.

Chapit 1 ak 2 esplike Jezi pi gran pase zanj yo. Chapit 3–7 konpare Jezi avèk Moyiz ak lwa Moyiz la epi li temwaye Jezi pi gran pase yo tou de. Yo anseye Prètriz Mèlkisedèk la pi gran pase Prètriz Aawon an tou. Chapit 8–9 dekri kòman òdonans Moyiz yo te prepare pèp la pou ministè Kris la epi kòman Kris se mediyatè nouvo alyans lan (Alma 37:38–45; D&A 84:21–24). Chapit 10 se yon Egzòtasyon pou dilijans ak fidelite. Chapit 11 se yon diskou lafwa. Chapit 12 bay konsèy ak salitasyon. Chapit 13 tabli relasyon ant nati onorab maryaj ak enpòtans obeyisans.