Èd pou Etid
Bib


Bib

Yon koleksyon ekriti Ebre ak Kretyen ki gen revelasyon diven. Mo bib la vle di “liv yo.” Bib la se travay anpil pwofèt ak ekriven enspire ki aji sou enfliyans Sentespri a (2 Pyè 1:21).

Bib Kretyen an gen de pati, ki rele jeneralman Ansyen ak Nouvo Testaman. Ansyen Testaman an gen liv ekriti ki te itilize pami Juif Filisti yo pandan ministè mòtèl Senyè a. Nouvo Testaman an gen ekriti epòk Apostolik la epi yo konsidere ke li gen menm sentete ak otorite avèk ekriti Juif yo. Liv Ansyen Testaman yo soti nan yon literati nasyonal ki kouvri anpil syèk epi yo tout te prèske ekri an Ebre, alòske liv Nouvo Testaman yo se travay yon sèl jenerasyon epi yo te ekri jeneralman an Grèk.

Nan Ansyen Testaman an, mo testaman an reprezante yon mo Ebre ki vledi “alyans.” Ansyen Alyans lan se lalwa Moyiz te resevwa lè Izrayèl te rejte plenitid levanjil la pèp Bondye a te genyen depi nan kòmansman mòtalite a. Nouvo Alyans lan se levanjil la jan Jezikri te anseye l la.

Nan Bib Ebre a (Ansyen Testaman an) liv yo te separe fè twa gwoup: Lwa a, Pwofèt yo, ak Ekriti yo. Bib mond Kretyen an itilize a klas liv yo daprè sijè yo, kòm istorik, pwetik, epi pwofetik.

Liv Nouvo Testaman yo plase jeneralman nan lòd sa a: kat Levanjil yo avèk Travay; epit Pòl yo; epit Jak, Pyè, Jan, epi Jid yo; ak Apokalips Jan an.

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo onore, respekte Bib la epi li afime Senyè a kontinye bay plis revelasyon adisyonèl pa mwayen pwofèt Li yo nan dènye jou yo pou sipòte epi verifye istwa biblik relasyon Bondye avèk lèzòm.