Èd pou Etid
Rit


Rit

Nan Ansyen Testaman an, Moabit ki te bèlfi Naomi ak Elimelèk la. Yo te Izrayelit. Apre lanmò mari l, Rit te marye avèk Boaz ki se yon fanmi Naomi. Pitit gason yo a, Obèd, te zansèt David ak Kris la. Istwa Rit la byen rakonte konvèsyon yon etranje nan twoupo Izrayèl la. Rit te abandone ansyen bondye li a ak ansyen lavi li pou l reyini avèk fanmi fidèl la pou l sèvi Bondye Izrayèl la (Rit 1:16).

Liv Rit

Chapit 1 dekri lavi Elimelèk ak fanmi li nan Moab. Aprè lanmò mari yo Nawomi ak Rit te ale Bètleyèm. Chapit 2 egsplike Rit te ale rekòlte nan jaden Boaz. Chapit 3 egsplike kòman Nawomi te anseye Rit pou l te trese flè epi depoze l nan pye Boaz. Chapit 4 se istwa mariaj Rit ak Boaz. Yo te gen yon pitit gason Obèd lineaj kote David ak Kris lan soti.