Èd pou Etid
Lekòl Pwofèt yo


Lekòl Pwofèt yo

Nan Kirtland, Ohio (Etazini Damerik), pandan livè 1832–1833, Senyè a te kòmande Joseph Smith pou l òganize yon lekòl espesyalman pou l antrene frè yo nan tout bagay ki gen relasyon avèk levanjil la epi avèk wayòm Bondye a. Se nan lekòl sa a anpil nan premye dirijan Legliz yo. Parley P. Pratt te direktè yon lòt lekòl pwofèt oubyen ansyen nan Konte Jackson, Missouri (D&A 97:1–6). Yon ti tan apre Sen yo te fin emigre nan Lwès, yo te gen lekòl menm jan an; sepandan, lekòl sa yo te vin sispann apre yon ti tan. Jodi a, etid levanjil la fèt nan kay, nan kowòm prètriz, ak nan plizyè lòt òganizasyon segondè, epi nan lekòl Legliz yo, nan seminè ak klas enstiti.