Èd pou Etid
Betèl


Betèl

Nan Ebre, li vle di “kay Bondye” epi li se youn nan kote ki pi sakre nan Izrayèl. Li a anviwon dis mil (16 kilomèt) distans nan nò Jerizalèm. Se la Abraram te bati lotèl li a lè li te fèk rive nan Kanaran (Jen. 12:8; 13:3). Se la Jakòb te wè nan vizyon yon nechèl ki monte anlè nan syèl la (Jen. 28:10–19). Se te yon kote sen nan epòk Samyèl la tou (1 Sam. 7:16; 10:3).