Èd pou Etid
Rivyè Jouden


Rivyè Jouden

Rivyè Jouden an soti depi nan Lanmè Galile a pou ale jis nan Lanmè Mòt la. Rivyè a gen sanswasant kilomèt nan longè epi li se pwodui reyinyon yon bann sous dlo ki soti nan Mòn Èmon an. Li se rivyè ki pi enpòtan nan Izrayèl.

De evènman enpòtan ki konekte avèk rivyè sa a se lè Senyè a te separe rivyè a pou Izrayèl te kapab travèse a (Joz. 3:14–17) ak batèm Jezikri a (Mat. 3:13–17; 1 Ne. 10:9).