Èd pou Etid
Gran prèt


Gran prèt

Yon ofis nan prètriz la. Ekriti yo pale de “gran prèt” nan de sans: (1) yon ofis nan Prètriz Mèlkisedèk la; epi (2) yon ofisye prezidan nan Prètriz Aawon an, daprè lwa Moyiz la.

Premye sans lan aplike pou Jezikri kòm pi Gran Prèt la. Adan ak tout patriyach yo te gran prèt tou. Nan tan jodi a, twa gran prèt prezidan fòme Prezidans Legliz la epi yo prezide sou tout lòt detantè prètriz ak manm Legliz yo. Gen lòt gason diy ki resevwa òdinasyon apwopriye kòm gran prèt nan tan jodi a. Gran prèt yo kapab resevwa apèl, yo kapab vin apa, epi yo kapab resevwa òdinasyon kòm evèk (D&A 68:19; 107:69–71).

Nan dezyèm sans lan, daprè lwa Moyiz la, yo te rele ofisye prezidan Prètriz Aawon an gran prèt. Ofis la te ereditè epi li te pase pa premye ne nan fanmi Aawon an, Aawon limenm se premye gran prèt nan lòd Aawon an (Egz. 28–29; Lev. 8; D&A 84:18).