Èd pou Etid
David


David

Yon wa Izrayèl tan lontan an nan Ansyen Testaman an.

David te yon pitit gason Izayi ki fè pati tribi Jida a. Li te yon jennonm fò di, ki te touye yon lyon, yon lous ak Golyat, jeyan Filisten an (1 Sam. 17). Yo te chwazi David epi yo te wenn li pou l te wa Izrayèl. Menmjan avèk Sayil, lè l te gran moun, li te fè peche grav, men kontrèman avèk Sayil li te reyèlman repanti. Se poutèt sa li te jwenn padon, eksepte nan sasinay Iri a (D&A 132:39). Nou kapab divize lavi l an kat pati: (1) nan Bètleyèm, kote li te yon bèje (1 Sam. 16–17); (2) nan lakou Wa Sayil la (1 Sam. 18:1–19:18); (3) kòm yon moun ki nan mawon (1 Sam. 19:18–31:13; 2 Sam. 1); (4) kòm wa sou tèt Jida nan Ebwon (2 Sam. 2–4), epi apre sa kòm wa sou tèt tout Izrayèl (2 Sam. 5–24; 1 Wa 1:1–2:11).

Apre peche adiltè David te avèk Batcheba a, yon seri malè te viwonnen dènye ventan nan lavi li yo. Tout nasyon an te pwospere pandan rèy li a, men David pou kont pa l li te soufri konsekans peche li yo. Te gen mezantant familyal tout tan, nan ka Absalom ak Adonija a sa te vin fini nan gwo rebelyon. Ensidan sa yo se akonplisman pawòl Natan, pwofèt la te pwononse sou David poutèt peche li yo (2 Sam. 12:7–13).

Malgre dezas sa yo, rèy David la te rèy ki te pi eklere nan istwa Izrayelit la, paske (1) li te reyini tribi yo fè yon sèl nasyon, (2) li te pran posesyon peyi a, epi pèsonn pat diskite kont sa, (3) li te baze gouvènman an sou vrè relijyon an, konsa volonte Bondye te lwa pou Izrayèl. Poutèt rezon sa yo, pita, yo te konsidere rèy David la kòm epòk pwosperite nasyon an ak senbòl pou pi bèl epòk lè Mesi a ta vini (Eza. 16:5; Jer. 23:5; Ezek. 37:24–28).

Lavi David demontre nesesite pou tout moun pèsevere nan jistis jiska lafen. Lè l te jèn, yo di li te yon nonm ki gen “menm kè” avèk Senyè (1 Sam. 13:14); lè l te gen matirite, li te pale ak pouvwa Lespri a epi li te gen anpil revelasyon. Men li te peye yon pri ki chè pou tèt li te dezobeyi kòmandman Bondye yo (D&A 132:39).