Èd pou Etid
Premye Fwi


Premye Fwi

Premye rekòt yo rasanble nan yon sezon. Nan epòk Ansyen Testaman an, yo te ofri Senyè a bagay sa yo (Lev. 23:9–20). Jezikri sete premye fwi Bondye paske Li sete premye moun ki te resisite (1 Kor. 15:20, 23; 2 Ne. 2:9). Moun ki aksepte levanjil la epi ki pèsevere jiska lafen, yo se premye fwi yo, nan yon fason senbolik, paske yo pou Bondye.