Èd pou Etid
Galile


Galile

Nan tan lontan ak nan tan modèn, zòn nan denye bout nò Izrayèl, nan lwès Rivyè Jouden an ak Lanmè Galile a. Galile gen yon longè apeprè 60 mil (95.5 km) ak yon lajè 30 mil (48.3 km). Nan tan lontan, li te genyen kèk nan pi bon tè ak vil ki te gen plis aktivite nan Izrayèl. Anpil gwo wout enpòtan ki mennen nan Damas, Ejip, ak nan lès Izrayèl te pase andedan Galile. Klima ekselan l lan ak tè fètil li yo te pwodwi gran kantite rekòlt oliv, ble, lòj ak rezen. Lapèch bò Lanmè Galile a te bay yon gwo komès ekspòtasyon ak yon gwo sous richès. Sovè a te pase pifò tan L nan Galile.

Lanmè Galile a

Lanmè Galile a tabli nan nò Izrayèl. Yo te rele l Chinerèt nan Ansyen Testaman an epi Lak Jenezarèt oubyen Tiberyas nan Nouvo Testaman an. Jezi te preche anpil predikasyon nan kote sa a (Mat. 13:2). Lanmè a gen fòm yon zaboka longè li se 12.5 mil (20.1 km) epi li te mezire 7.5 mil (12.1 km) Kote ki te pi laj ladan l lan. Li tabli sou 680 pye (207.3 m) anba nivo lanmè a, ki lakoz lè nan anviwon an ase cho byen souvan. Lè frèt ki desann soti nan kolin yo epi ki kontre lè cho sou dlo a pwodwi siklòn sanzatann (Lik 8:22–24).