Èd pou Etid
Tesalonisyen, Epit pou


Tesalonisyen, Epit pou

De liv nan Nouvo Testaman an. Orijinalman yo te lèt Pòl te ekri voye bay Tesalonisyen yo lè l te nan Korent pandan premye vizit li pou Ewòp apeprè 50 apre Jezikri. Travay li te fè nan Tesaloni an dekri nan Tra. 17. Pòl te vle retounen nan Tesaloni, men li pa t kapab fè sa a (1 Tes. 2:18). Sepandan li te voye Timote pou ankouraje konvèti yo epi pou retounen ba l rapò konsènan kòman yo te ye. Pòl te ekri premye epit la kòm rezilta remèsiman l poutèt retou Timote.

Premye Tesalonisyen

Chapit 1–2 gen salitasyon Pòl ak priyè li pou Sen yo; chapit 3–5 bay enstriksyon sou devlopman espirityèl, lanmou, chastete, dilijans, epi Dezyèm Vini Jezikri a.

Dezyèm Tesalonisyen

Chapit 1 gen priyè pou Sen yo. Chapit 2 pale konsènan aparisyon apostazi. Chapit 3 gen priyè Pòl pou triyonf kòz levanjil la.