Èd pou Etid
Marsh, Thomas B.


Marsh, Thomas B.

Premye Prezidan Kowòm Douz Apot yo apre Retablisman Legliz la nan lane 1830. Li te gen kle wayòm nan konsènan Douz yo (D&A 112:16) epi nan lane 1838, te resevwa kòmandman nan revelasyon pou l pibliye pawòl Senyè a (D&A 118:2). Seksyon 31 nan Doktrin ak Alyans yo adrese a li menm. Yo te ekskominye Marsh nan Legliz la nan lane 1839, men li te rebatize an Jiyè 1857.