Èd pou Etid
Jozèf, pitit gason Jakòb


Jozèf, pitit gason Jakòb

Nan Ansyen Testaman an, premyene gason Jakòb avèk Rachèl la (Jen. 30:22–24; 37:3).

Jozèf te resevwa dwadenès la nan Izrayèl paske Riben, premyene gason premye madanm Jakòb la te pèdi privilèj li poutèt transgresyon (1 Kwo. 5:1–2). Poutèt li te diy, kòm premye pitit gason dezyèm madanm Jakòb la, Jozèf te dezyèm sou lis la pou benediksyon an. Jozèf te resevwa yon benediksyon nan men papa l, Jakòb, yon ti tan anvan lanmò papa l (Jen. 49:22–26).

Jozèf te yon nonm ki gen gran karaktè, yon moun ki te “diskrè epi ki te saj” (Jen. 41:39). Lè li te rejte madanm Potifa a, se yon egzanp ki montre lafwa li, chastete li ak entegrite pèsonèl li (Jen. 39:7–12). Nan Ejip, lè Jozèf te revele vrè idantite l bay frè l yo, olye l te blame yo, li te remèsye yo pou jan yo te trete l. Li kwè zak yo te fè a te ede nan akonplisman volonte diven Bondye (Jen. 45:4–15).

Revelasyon modèn nan revele pi gwo misyon fanmi Jozèf la nan dènye jou yo (TJS, Jen. 50:24–38 [Apendis]; 2 Ne. 3:3–24; 3 Ne. 20:25–27).