Nan ekriti yo, pòv kapab fè moun panse a (1) moun ki san materyèl premye nesesite, tankou manje, rad, ak kote pou yo rete, oubyen (2) moun ki enb epi ki san logèy.
Ou pa dwe fèmen men w devan pwochen pòv ou, Det. 15:7 .
Mechan ki gen logèy yo pèsekite pòv yo, Sòm 10:2 .
Yon moun ki bay pòv, li p ap nan nesesite, Pwov. 28:27 .
Mennen pòv yo lakay ou, Eza. 58:6–7 .
Si w vle vin pafè, bay pòv yo, Mat. 19:21 (Mak 10:21 ; Lik 18:22 ).
Èske Bondye pa t chwazi moun pòv yo nan mond sa a, Jak 2:5 .
Paske yo rich, yo meprize pòv yo, 2 Ne. 9:30 .
Pou w kapab gen padon peche w yo, pataje byen w avèk pòv, Mozya 4:26 .
Yo te pataje byen yo avèk pòv, Alma 1:27 .
Si w ranvwaye moun ki nan bezwen yo, priyè w anven, Alma 34:28 .
Nefit yo te gen tout bagay menm jan; pa t gen rich ak pòv, 4 Ne. 1:3 .
Moun ki imilye tèt yo san se pa povrete ki oblije yo, yo pi beni, Alma 32:4–6, 12–16 .
Moun ki pòv nan lespri ki vin jwenn mwen, y ap beni, 3 Ne. 12:3 (Mat. 5:3 ).