Yon mank oubyen absans imilite oubyen ki pa dispoze. Lògèy mete moun nan opozisyon youn kont lòt epi kont Bondye. Yon moun ògeye mete tèt li pi wo pase lòt moun yo ki bò kote l, epi li suiv volonte pa l tan pou l ta suiv volonte Bondye. Vanite, anvi, kè di, ak woten se karakteristik yon moun ki ògeye.
Fè atansyon pou w pa bliye Senyè a pou kè w pa vin di, Det. 8:11–14 .
M rayi lògèy ak awogans, Pwov. 8:13 (Pwov. 6:16–17 ).
Lògèy vin anvan destriksyon, Pwov. 16:18 .
Jou Senyè a pral tonbe sou ògeye yo, Eza. 2:11–12 (2 Ne. 12:11–12 ).
Lògèy ki nan kè w la te twonpe w, Abd. 1:3 .
Tout ògeye yo pral boule, Mal. 4:1 (1 Ne. 22:15 ; 3 Ne. 25:1 ; D&A 29:9 ).
Nenpòt moun ki leve tèt li l ap bese, Mat. 23:12 (D&A 101:42 ).
Bondye opoze ak moun ki ògeye, 1 Pyè 5:5 .
Gran bilding laj la se lògèy mond lan, 1 Ne. 11:36 (1 Ne. 12:18 ).
Lè yo save yo panse yo saj, 2 Ne. 9:28–29 .
Ou gonfle avèk lògèy nan kè w, Jakòb 2:13, 16 (Alma 4:8–12 ).
Èske w make avèk lògèy, Alma 5:28 .
Pakèt kantite lògèy te antre nan kè pèp la, Ela. 3:33–36 .
Li fasil anpil pou lèzòm chaje kè yo avèk lògèy, Ela. 12:4–5 .
Lògèy nasyon sa a te lakoz destriksyon l, Mowo. 8:27 .
Fè atansyon avèk lògèy, pou w pa vin tankou Nefit yo, D&A 38:39 .
Sispann avèk tout lògèy ak basès nou yo, D&A 88:121 .