Èd pou Etid
San


San

Ansyen Izrayelit yo ak anpil lòt kilti jodi a konsidere l kòm syèj lavi a oubyen enèji vital tout kò. Nan epòk Ansyen Testaman an, Senyè a te defann Izrayèl manje san kòm nouriti (Lev. 3:17; 7:26–27; 17:10–14).

Se nan san an pouvwa ekspyatwa a te ye, paske san an te konsidere kòm lesansyèl pou lavi a. Sakrifis animal la Ansyen Testaman an te yon senbòl pou gran sakrifis Jezikri te gen pou l fè a (Lev. 17:11; Moyiz 5:5–7). San ekspyatwa Jezikri a netwaye moun ki repanti anba peche (1 Jn. 1:7).