Èd pou Etid
Dan


Dan

Nan Ansyen Testaman an, yon pitit gason Jakòb ak Bila, bòn Rachèl la (Jen. 30:5–6).

Tribi Dan an

Pou benediksyon Jakòb te bay Dan an, gade nan Jenèz 49:16–18. Pou benediksyon Moyiz te bay tribi Dan an, gade nan Detewonòm 33:22. Lè yo te fin tabli nan Kanaran, tribi Dan an te resevwa yon moso tè ki te piti men ki te trè pwodiktif (Joz. 19:40–48). Yo te gen anpil difikilte pou yo te pwoteje l kont Amorit yo (Jij 1:34) epi kont Filisten yo (Jij 13:2, 25; 18:1). Kòm rezilta Danit yo te pati ale nan nò Filisti (Jij 18), alantou Layis epi yo te rele vil sa a Dan ankò. Vil sa a yo byen konnen kòm fwontyè nò Filisti, ki pran “depi nan Dan rive jis nan Bècheba.”