Èd pou Etid
Jezikri


Jezikri

Kris (yon mo Grèk) ak Mesi (yon mo Ebre) vledi “wen an.” Jezikri se Premyene lespri Papa a (Ebre 1:6; D&A 93:21). Li se Sèl Pitit Literal Papa a nan lachè (Jan 1:14; 3:16). Li se Jewova (D&A 110:3–4) epi Li te preòdone nan gran apèl Li a anvan kreyasyon mond lan. Sou direksyon Papa a, Jezi te kreye tè a avèk tout sa ki sou li (Jan 1:3, 14; Moyiz 1:31–33). Mari te fè L nan Bètleyèm, Li te viv yon lavi san peche, epi Li te fè yon ekspyasyon pafè pou peche tout limanite lè san L te koule ak lè L te bay lavi L sou kwa a (Mat. 2:1; 1 Ne. 11:13–33; 3 Ne. 27:13–16; D&A 76:40–42). Li te leve pami mò yo, konsa Li te asire rezirèksyon final pou tout limanite. Gras a Ekspyasyon ak Rezirèksyon Jezi a, moun ki repanti nan peche yo epi ki obeyi kòmandman Bondye yo kapab viv etènèlman avèk Jezi ak Papa a (2 Ne. 9:10–12; 21–22; D&A 76:50–53, 62).

Jezikri se pi gran Èt vivan ki te fèt sou tè sa a. Lavi Li se yon egzanp pafè ki montre kòman tout limanite ta dwe viv. Tout priyè, tout benediksyon ak tout òdonans prètriz ta dwe fèt nan non L. Li se Senyè tout Senyè yo, Wa tout wa yo, Kreyatè, Sovè, ak Bondye tout tè a.

Jezikri pral retounen sou tè a ankò nan pouvwa ak laglwa pou L reye sou tè a pandan Milenyòm nan. Nan dènye jou a, L ap jije tout limanite (Alma 11:40–41; M—JS 1).

Rezime lavi l (nan lòd siksesif)

Aparisyon Kris la apre lanmò l

Egzanp Jezikri

Egzistans Premòtèl Kris la

Glwa Jezikri

Gouvènman Milenyòm Kris la

Jij

Otorite

Pran non Jezikri avèk nou

Pwofesi konsènan nesans ak lanmò Jezikri

Temwayaj konsènan Jezikri

Tèt Legliz la

Tip oubyen senbòl Kris